top of page

Jounen Entènasyonal Kreyol: Se Kreyol nou ye

Se Kreyol nou ye. Jodiya Ayisyen toupatou ap selebre jounen entènasyonal lang Kreyol. Lang manman n ak papa'n, lang zansèt nou. Nou ka konn pale diferan lang, kreyol la se nimero yon, se ladann nou alez, lè nou fache, lè ke n kontan se mo kreyol ki vinn nan bouch nou.

Abiman kreyol se gro zafè:

Foto sa se Samuel Dameus ki pran l pou Anbasad Etazini an Ayiti.

Men kèk provèb Ayisyen nap pataje avè w. Provèb nou jwen nan 'You can learn Creole',zèv H. Ormonde McConnell ak Eugene Swain Jr.

  1. Abiye kon li abiye, kan midi sonnen fòk bourik Sendomeng ranni. var: kon, kou. s: jan, fason |p| Bourik mèt fè santan nan lekiri, li pa gendwa tounen chwal.

  2. Afè nèg pa janm piti, se janm kanson yo ki etwat. Anbisyon tiye rat.

  3. Apre dans, tanbou lou.

  4. Avantaj kòk, se zepon. var: avantaj, avantay ent: Kote ou jwenn avantay (ou) se la ou pran l.

  5. Baton ki bat chen blanch lan, se li ki va bat chen nwa a. var: Baton ki bat chen blan an, se li k bat chen nwa a. sit: An Ayiti, paran timoun yo toujou bay tigason plis valè pase tifi. Deliram gen twa pitit: Dyenò, Dyemafi ak Dyelimèn. Dyenò ak Dyemafi desann sètifika ansanm; toulede pase. Deliram ap voye Dyenò Pòtoprens pou al kontinye klas li. Mèsidye, youn nan zwazen yo, di Deliram: "E Dyemafi, sa l pral fè apre sètifika?". "M ap voye manmzèl nan kouti.", Deliram reponn. Mèsidye di l: "Li lè pou n chanje mantalite sa a wi! Depi se tifi, nou wè se sèlman nan kouti pou n voye yo. Jan tifi sa a fò lekòl, poukisa ou pa voye l kontinye klas li Pòtoprens tou?".

  6. Bay piti pa chich.

  7. Bay kou bliye, pote mak sonje. var: sonje, chonje

  8. Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li. var: Bondye bay bèf san ke ladrès pou l pouse mouch. sit: "M pa konn sa manje koute, m pa konn sa dòmi koute lopital la. Men m manje, m dòmi. Se vre, pawòl la gen rezon: 'Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li'. Si pa t Papa Bondye, m pa konn sa m ta fè."

  9. Bèl cheve pa lajan.

  10. Bourik travay, chwal galonnen. var: garyonnen, galonnen ent: "Ki kalite peyi sa a, mezanmi! Moun k ap redi touye tèt yo anba travay, se pa yo k ap jwi. Se mouri abitan ap mouri nan travay, men se nèg lavil k ap banboche sou sa l ap fè. Se sa pawòl la di wi: 'Bourik travay, chwal garyonnen.' ".

  11. Chak jou kouyè bwa al kay ganmèl men yon jou ganmèl, al kay kouyè bwa tou. var: kiyè, kouyè [ r ]

  12. Chak bourik ranni nan patiraj li.

  13. Chak koukouy klere pou je pa yo. var: Chak koukouy klere pou je l. ent: a) Chak moun ede tèt li. b) "Mwen menm k ap di ou sa. Lè yo bezwen ou, y ap mache dèyè ou tankou chen. Rive yo fin rive, 'chak koukouy klere pou je l', y ap achte yon gwo bouldòg mete veye kay yo. Moun pa pwoche."

  14. Chat konnen, rat konnen, barik mayi a va rete la. var: Chat konnen, rat konnen, barik mantèg la ret la.

  15. Chemen lwen, gonbo di. gonbo, s: kalalou

  16. Chen gen kat pat, se yon sèl chemen li fè. var: a) Chen gen kat pat (men), li mache nan yon sèl chemen. ent: a) Yon moun gen dis dwèt, sa pa vle di l ka fè dis bagay alafwa. b) Dòdò monchè, si w ap fè sanblan w ap sèvi Bondye, ou pa ka nan bòkò anbachal. 'Chen kat pat, se yon sèl chemen li fè.' c) Chen kat pat mache nan yon sèl chemen.

  17. Chik pa janm respekte pye gwo mouche. var: Chik pa respekte mèt bitasyon. sit: Jeran lakou a pete yon lobo ak mèt kay la pou oto a li pa t gen tan lave. Se sa l bliye l pa di mèt kay la.

  18. Dan pouri gen fòs sou bannann mi. ent: Epòk Lame Ayiti, chèf se moun yo k te pi kapon men se sou pèp la yo te toujou ap tire paske men l vid.

  19. De moun onèt vann chwal yo san lavant.

  20. Dèyè mòn gen mòn. ent: Pwoblèm sou pwoblèm; apre yon pwoblèm se yon lòt.

  21. Fezè nat, li kouche atè. var: Fezè nat kouche (dòmi) atè.

  22. Flate pi danjere pase kouto de bò.

  23. Flèch palmis pa fizi. ent: Pa kite sa ou wè a twonpe ou. |p| Kaka poul pa ze.

  24. Fòk ou dòmi ak Jan pou konnen jan l wonfle. ent: Fòk ou viv ak yon moun pou konnen l (fen e byen).

  25. Gen mèsi chen, se kout baton. ent: "Mezanmi! Gade kouman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa."

  26. Granmoun se remèd. ent: Granmoun bay bon konsèy. |p| Konsèy granmoun se longan.

  27. Grennpwonmennen di li tande anpil bagay, Bwapiwo di sa li wè, se pa pale. var: Bwapiwo di l wè lwen, Grennpwonmennen di l wè pi lwen pase l. sit: Pa gen nèg dyòlè pase Frewo. Misye toujou pran pòz li konnen tout sa k ap pase nan Pòtoprens. Te gen yon aksidan ki fèt sou wout Delma a. Misye te nan zòn lan. Men, li pa t wè aksidan an. Nan demen, li al wè yon zanmi Kafou epi Janwobè vin parèt. Frewo kòmanse pale de aksidan an kòmsi l te la sou plas lè l fèt la. Misye di: "A! Gen yon kokennchenn aksidan ki fèt yèswa sou wout Delma a, se bagay grav! Yon bis Dayatsou frape yon kamyon kola. Boutèy kola fè kenken, moun bwè kola nèt ale". Janwobè di l: "Ou fin pale?". "Ou t ap poze yon kesyon sou aksidan an?", Frewo reponn li. Janwobè di: "Non, m t ap pote kèk eklèsisman sou sa. Men kijan aksidan an te ye: yon kamyon kola sot anwo Petyonvil; lè l rive bò "Cine Imperial" li pèdi fwen. Li al antre sou yon bis Dayatsou. Sèz moun nan bis la mouri. Wout Delma bloke nèt. Mwen t ap travèse pon an lè aksidan an fèt la". |p| Tande ak wè se de.

  28. Jan chache, Jan twouve, Jan anbarase. |p| Pwonmennen chache pa janm dòmi san soupe.

  29. Je rouj pa boule kay.

  30. Je wè, bouch pe.

  31. Jouroumou pa janm donnen kalbas. var: jomou, jòmou, joumou, jouroumou sit: Albèto se gwo vòlè. Tigason l lan, Toto, soti l toupi. |p| Pitit tig se tig.

  32. Kabrit gade je mèt kay avan l antre. sit: Tout vakabon ranse ak Nènè. Kanta pou Sovè, se nèg ki kondi bak li byen; pesonn pa p pran chans jwe nan bab li. |p| Kochon mawon konn sou ki bwa pou l fwote (kò l).

  33. Kal pwason pa lajan. |p| Kaka poul pa ze. ( var: Kaka poul pa bè.)

  34. Kan poul bwè dlo, li pa bliye Bondye. ent: Chak gòje (gòjèt) dlo yon poul pran, li leve tèt li pou l di Bondye mèsi.

  35. Kan malfini voltije, si li pa jwenn plim li pran pay. var: Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay. sit: "Lolo! Pran katèl ou ak bòs Dorilis! Ou mèt gen ventan, ti lanj ou ye. Lè ou te nan tete, papa ou te fè l yon bagay; li pa p janm bliye. Kole bòs Do kole anba vant ou a, ou pa janm konnen sa k dèyè tèt li. 'Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay'. Sa Dorilis pa ka fè papa ou, li ka chache fè ou li."

  36. Kan ou ap tann soupe kanmarad, ou dòmi twò ta.

  37. Kan ou kontre zo nan granchemen, sonje se vyann ki te kouvri li. var: Lè ou jwenn yon zo nan granchemen, konnen li te gen vyann sou li.

  38. Kochon mawon konnen sou ki bwa pou l fwote.

  39. Kouri pou lapli, tonbe nan gran rivyè. ent: Ou ap evite traka epi ou pran nan touman.

  40. Lakay kanmarad pa lan mache.

  41. Larivyè anpeche pase dlo, li pa anpeche tounen.

  42. Larivyè avèti pa touye kokobe. var: Lagè avèti pa touye kokobe.

  43. Lavi long se plis lespri. ent: Tank ou viv pi lontan, se tank ou gen plis lespri.

  44. Lawouze fè banda toutan solèy pa leve. var: Lawouze taye banda toutotan solèy poko leve. |p| Bourik taye banda toutan chwal angle pa (lage) dèyè l. ( var: Bourik kouri toutan chwal pa dèyè l.)

  45. Lè vant chat plen, li di ke rat anmè. var: a) Vant chat plen, ke rat anmè. b) Depi (kou) vant chat plen, tèt rat anmè.

  46. Lè ravèt vle fè dans, li pa janm envite poul. var: Lè ravèt ap fè dans, li pa envite poul (ladan).

  47. Lò ou krache atè, li tonbe sou nen ou. ent: enpridans var: lè, lò [ r ]

  48. M vin tire bèf, m pa vin konte vo. var: M vin bwè lèt (se lèt m vin bwè), m pa vin konte ti bèf dèyè vach (vaybèf). s: vo, ti bèf

  49. Maladi gate vanyan.

  50. Malere se vis. ent: Povrete se krim.

  51. Malere pa dezonè. ent: a) Malere pa fè ou wont pou sa. b) Se pa paske ou malere pou wont (tèt ou pou) sa. c) Ou pa bezwen wont poutèt ou malere.

  52. Mò pa janm konnen pri dra. var: Mò pa konn pri dra ak sèkèy. ent: Mò kite dèt pou vivan.

  53. Nan tan grangou, patat pa gen po.

  54. Nan konpayi diri, ti wòch goute grès. var: Pami diri, ti wòch goute grès.

  55. Nèg di san fè, Bondye fè san di. ent: Nèg fè plan, Bondye pran desizyon.

  56. Ou konn kouri men ou pa konn kache. var: Si ou konn kouri, fò ou konn kache.

  57. Ou pa kapab kouche sou nat pou ap pale nat mal. |p| Ou sou do bèf la epi ou ap pale l mal!

  58. Pa kite bourik pou bat makout.

  59. Pa bliye granchemen pou chemen travès. |p| Si ou fache ak granchemen, kote ou ap pase?

  60. Pa koke makout pi wo pase men ou. var: kwoke, koke. s: pandye, pann ent: Pa pete pi wo pase dèyè w [ vil ]. (Fè sa ou kapab.) sit: Dyekiswa gen yon sèl vaybèf; li di l ap vann li pou l achte twa kawo tè.

  61. Pale franse pa di lespri pou sa. var: Pale franse pa di lespri. ent: Se pa paske yon moun konn pale franse pou pran l pou moun lespri.

  62. Piti piti zwazo fè nich. ent: Pran san w (nan sa w ap fè.).

  63. Pòt tè pa goumen ak pòt fè. ent: Se piti ou ye, w ap toujou anba.

  64. Prese kon ou prese, twò prese pa fè jou louvri. var: Twò prese pa fè jou louvri. |p| pran douvan pa vle di konn chimen.

  65. Pwason genyen konfyans nan dlo e se dlo ki kuit li. var: kuit, kwit

  66. Rat kay manje pay kay. var: a) Rat kay k ap manje pay kay. b) Rat kay manje panno kay. |p| Chik nan sann.

  67. Ravèt pa janm gen rezon devan poul. ent: Piti toujou anba.

  68. Rayi chen, men di dan l blanch. var: Rayi chen, di dan l blan. ent: Yon moun ka gen move ak bon kote l.

  69. Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa pote l ale. var: a) Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa ka pran (bwote) l. b) Sa Bondye sere pou ou, dyab pa ka pran l.

  70. Sa ki ba ou konsèy achte chwal gwo vant nan tan lapli pa ede ou nouri li nan tan sèk. var: Moun ki ba ou konsèy achte chwal plenn nan sezon lapli, pa ede w nouri l lè dizèt.

  71. Sak vid pa kanpe.

  72. Se pa kon chat mache li kenbe rat. var: Jan chat mache, se pa konsa l kenbe rat. ent: a) Pa gade sou aparans. (Aparans ka twonpe w.) b) Chen sa a, pa okipe l. Li pa p jape w; men, se yon chen k mòde antrèt!

  73. Se bon kè krab ki fè li san tèt. var: Bon kè krab fè l san tèt. ent: Yon moun ki twò onnèt (ki bay san limit) ka mouri pòv. |p| Se bon kè krapo ki fè l san tèt.

  74. Se soulye ki konnen si chosèt gen twou. var: Se soulye ki konn kot chosèt gen twou.

  75. Se pa poutèt yon pen pou pèdi tout yon founo.

  76. Se kouto sèl ki konnen sa ki nan kè yanm. var: a) Kouto sèl ki konn sa k nan kè yanm. b) Sa k nan kè yanm se kouto k konnen l.

  77. Se pa tout lè Magrit ale nan mache pou l pote bèl siwo.

  78. Se vye chodyè ki kuit bon manje. var: Vye chodyè kwit bon manje.

  79. Si ou pa t ap fiske lesyèl, ou pa ta wè tan kouvè. var: Si ou pa t ap fikse lesyèl, ou pa ta wè tan mare. var: fikse, fiske

  80. Sòt pa tiye, men sòt fè swe. var: (Moun) sòt pa tiye ou men l fè ou swe. var: tiye, touye

  81. Souke tèt pa kase kou. var: sekwe, souke

  82. Ti nèg fè sa l kapab. Gwo nèg fè sa l vle.

  83. Ti chen gen fòs devan kay mèt li.

  84. Ti kouto miyò pase zong.

  85. Tizon dife di li fou, men li pa pe janm pran chemen larivyè

  86. Tou sa ou pa konnen pi gran pase ou. var: (Tou) sa ou pa konnen (pi) gran pase w.

  87. Tout venn touche kè.

  88. Tout jwèt se jwèt, kochèt pa ladan.

  89. Tout bwa se bwa, men mapou pa kajou.

  90. Tout bèt di yo gra, lanbi di: mwen menm tou.

  91. Tout bèt nan lanmè manje moun, se reken ki pote move non.

  92. Twò gwo non tiye ti chen. var: Gwo non tiye (touye) ti chen.

  93. Twòp lespri, sòt pa lwen. ent: Twòp lespri konn rann moun sòt.

  94. Vant plen di: gouyav mi gen vè. Vant vid di: kite m wè.

  95. W a fòse bourik janbe dlo, ou pa pe fòse li bwè dlo. var: Yo fòse bourik janbe dlo, (men) yo pa fòse l bwè dlo.

  96. W ap kabicha pou manje manje moun chich.

  97. Yon jou pou dyab, yon jou pou Bondye. |p| Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye.

  98. Yon sèl dwèt pa manje gonbo. var: Yon sèl dwèt pa manje kalalou.

  99. Zafè kabrit pa zafè mouton. var: Afè kabrit, mouton pa mele |p| Zafè lafanmi, lasosyete (moun deyò) pa mele.

bottom of page