top of page

Lansman Mwa lang ak Kilti Kreyol

Jou kite Vandredi 8 Oktob la, Akademi Kreyol Ayisyen tap selebre lansman ofisyèl mwa lang ak kilti kreyol la nan Mipana, Potoprins. Akademi an ankouraje tout moun pou aprann li ak ekri kreyol. Yap lite pou mete fin ak koze lekol kap pini timoun yo paske yo pale kreyol. Kreyol se yon lang minm jan ak tout lot lang, pa gendwa gen prejije paske nou pale lang manman nou.


On Friday, October 8th, the Haitian Creole Academy celebrated the launch official Haitian Creole and culture in Mupanna, Port-au-Prince. The Academy encourages everyone to learn and write Creole. They are struggling to end school punishment to children because they speak Creole in school. Creole is a language like every other languages, it cannot be prejudiced because we speak our language.

Nan seremoni an, direktè jeneral teyat nasyonal la, mesye Penel, minis Kilti ak kominikasyon an mesye Limond Toussaint. madam sekrete ekzekitif la Louna Goug, komisyon national Inesko a te la nan gwo evenman sa, nou pap bliye vis prezidan akademi kreyol ayisyen. Jean Baptiste Maurice, pwofesè Coulange te pran lawol nan non komisyon an. Aprè diskou lansman an, pati kiltirel seremoni an te gen ladan l Okes Filamonik, gwoup akoustik fanm kreyol elatriye.

AKA anonse ke ap gen lot aktivite toupatou pou selebre mwa kreyol, tankou konferans nan Brooklyn College, Nouyòk, Washington ak Canada. Yo gen pou klotire evenman yo, nan Palè Sans Souci, Au Cap jou kap 28 Oktob la.

At the ceremony, the general manager of " Theatre National", Mr. Penel, Minister of Culture and Communication Mr. Toussaint. Mrs. Gourgue, members of Unesco was there to encourage this movement. The president of AKA. Mr. Jean Baptiste Maurice, professor Coulange spoke on behalf of the commission. After the speeches, bands like " Orchestre Philharmonic", " Acoustic Fanm Kreyol" enhance the ceremony with great music and dance. AKA announces that there will be other events everywhere to celebrate " Mwa Lang ak Kilti Kreyol", there will be event at the Brooklyn College, New York, in Washington and Canada. They final celebration will take place at " Palais Sans Souci" Au Cap on the 28th of October.


bottom of page