top of page

25 novanm, Jounen entènasyonal kont vyolans sou Fanm.

Jodi 25 novanm 2017 la, map prete pawol Ti Masel yo poum swete tout Fanm e sila yo ki nan wout pou vinn Fanm, Pou tout Gason ki dakò Moun se Moun; Bonn Refleksyon.

Jodi a 25 novanm, yon dat ki tradwi yon sitiyasyon nan batay pou lavi moun, espesyalman pou lavi Fanm sou latè.

25 novanm, Jounen entènasyonal kont vyolans sou Fanm.

Estatistik yo sanble bay kè kase, sanble fè anpil moun pè.

Anpil Fanm sou tè a, nan peyi pa nou an tou, chak jou viktim yon fòm vyolans. Li pi rèd toujou lè vyolans sa makònen ak lamizè. Li vinn twazyem fwa pi lou le fanm ak tifi a sibi vyolans vebal la ki sot bo kot menm moun ki pwoch li e viv menm kote ak li Alos Fanm nan viktim plizye fwa.

Pou derasinen kansè ki pote non vyolans sou kalite sèks ou, vyolans sou Fanm lan, sosyete yo genyen pou fè gwo jefò pou koupe fache ak lamizè, pou devlope lòt rapò ant Fanm ak Gason. Yo gen pou travay pou tout Moun rive admèt Moun se Moun, se pa paske se yon gason ki fè l yon Moun, men se paske si pa gen youn, lòt la pa ta kapab ni egziste ni fonksyone. Konsa na vinn dako; Moun se Moun.

Sosyete yo dwe kontinye fè tout sak nan kapasite yo ak pouvwa yo pou fè nou viv reyalite Moun se Moun. Antenne Caraibes ralye vwa plizye oganizasyon pou di Tout Moun, Depi nou solid nan rapo sosyal (moun ak Moun nou), nap ka rive konstwi yon peyi, yon monn Kote Moun se Moun vre..


bottom of page